Artists: Master DJI
Album:   Master DJI(Best of)
Title:   Sispann


Master DJI:
Chanje, anpil bagay chanje
Depi 7 fevriye Ayiti libere
Jou sa, tout sa ki te toujou lite
Ki pandan 29 an pat janm dekouraje
Tout sa ki pat janm espere
Ki te fin reziyen yo mouri san reziste
Rekòmanse viv yon dezyèm fwa
Gad landemen yo avèk lespwa
Yo di menm si yo pa gen manje
Omwen lespri yo va delivre
Paske yo ka pale
Si m' pa rele m’ a toufe

Master DJI:
Pale pou denonse mizè ak prejije
Pale pou fè konnen soufrans yo andire
Pale pou yo mande(?) kraze, brize, dechouke
Pale pou yo pale jouk lè yo gen dyare pale
Yo pa sonje gen pou tande, pou koute
Pou yo manyè rete analize, non, yo pito depale
Wi yo pito depale
Epi gen lòt ki te chita ki tap tann revolisyon
Pou pwopoze yon pil, yon pakèt lòt solisyon
Yo di yo vle efase, elimine move tradisyon
Raze tout sa ki te plonje nan koripsyon
Gen nèg ki vle ede konstwi lanasyon
Ki di ke gen mwayen pou bay satisfaksyon
Men nan ki kondisyon, oubyen a ki kondisyon


Refrain:
Sispann fè kachkach
Sispann ban-n kout fwèt kach
Sispann fè yapach ..............
Sispann fè yapach
Sispann ban-n kout fwèt kach
Sispann fè kachkach .................


Master DJI:
Chanje, pafwa ou chanje zòn
Pafwa tout moun pou ou sòt
..........................................
Lè sa nan eksperyans w’ a wè bagay yo yon lòt jan
W’ a fin pa bliye tout vye santiman
W’ a sispann gad dèyè pou w’ pike pi devan
Konsa w’ a wè jan ou te pèdi tan
(Konsa w’ a wè jan ou te pèdi tan)
Pèdi tan nan veye vwazen k’ ap plede fè tenten
Pèdi tan nan chèche konnen san w’ pa chèche fè anyen
Menm si yon fwa tap renmen tankou tout moun, sispann plenyen
Poutan gad jan ou santi-w byen, eske ou ta renmen tounen
Eske ou ta renmen tounen


Refrain:
Sispann fè kachkach
Sispann ban-n kout fwèt kach
Sispann fè yapach ..............
Sispann fè kachkach
Sispann ban-n kout fwèt kach
Sispann fè yapach ..............


Master DJI:
Krik krak, kiyès ki kraze rak
Tim-tim bwa sèch, kiyès ki sot nèg sèch
Kiyès ki oblije kite kouran pou lanp bòbèch
W’a sonje sa, w’a resite sa sèt fwa
1, ........................
2, se pou w’ kolabore
3, aprann viv ak lafwa
4, men pa janm pèdi lakat
5, lè w' pa gen dis sere senk
6, travay pou la jistis
7, tout krochèt gate jwèt
sèt fwa, sèt fwa, w’ a resite sa sèt fwa


Refrain:
Sispann fè kachkach
Sispann ban-n kout fwèt kach
Sispann fè yapach ..............
Sispann fè kachkach
Sispann ban-n kout fwèt kach
Sispann fè yapach ..............