Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: Master DJI
Album: Master DJI(Best of)
Title: Tann Pou Tann (f. Papash)
Master DJI:
Depi lè w' piti y'ap pede repete-w
Ke si w' pa vle gen tray fò w' reziyen-w travay
Men ou piti, ou pa konprann
Koze sa tròp pou ou, w'ap relax sou yon kabann
Ou leve w' al lekòl, a midi ou Capitol
Ou wè lavi a bèl, chak jou gen lakansyèl
Lè egzamen rive nan bat bèt je-w enfle
Lè ou rive sou fèy ou wè w' ap fè mèvèy
Lè ou tande rezilta final, ou prèt pou w' fè skandal
Touye-w rache-w, se pa ou menm ki antò
Tonè boule-w, ou konnen w' fè efò
E poutan, lè sa ou santi-w dekouraje
Plis ane ap pase plis ou mande anraje
Ou akize lasosyete, w' komanse kritike
W' ap pale prejije, ou wè se ou k' te dwe rive
Men w' pa wè lè ou tap pran plezi
Te gen yon lòt ki tap redi
Gade kounye an l' reyisi
E se ou menm k' ape sibi
Se konsa nan lavi
Se tann pou w' tann, fò w' gen kouraj pou w' tann
Se tann pou w' tann e fò w' gen fyèl pou w' tann
Refrain:
Se tann pou w' tann (3x)
Master DJI:
Se listwa yon madmwazèl kite konnen l' te bèl
Men ki pat janm gen kòb pou l' te achte yon bèl ròb
Lè-l desann pòtoprens, l' ap gade bèl negès
Byen fre nan volan bèl machin
Pòtre lò k' gen dèyè vitrin
Li pa konn sal ta bay pou l' rive san travay
Men l' pa chache konnen ki mwayen ki genyen
Yon nèg ki tap pase nan yon BMW
Cheke manmzèl, san pèdi tan fè-l respire odè lajan
Anvan solèy gentan fin kouche
Malerèz la wè tout afè-l regle
Ane pase, li fin pran fil
Menm si y' ap lonje dwèt sou li, l' ap jwi lavi-l
E yon bon jou li tonbe damou
Men nèg la fè-l konprann se pa yon moun konsa li tap tann
Manmzèl kriye, li prèt pou l'mouri
Li gen lajan e poutan l'ap soufri
Li te gentan wè-l te nan paradi
Li pat dòmi reve yon jou konsa sa ta chanje
Men se tann pou w' tann, fò w' gen kouraj pou w' tann
Se tann pou w' tann men fò w' gen fyèl pou w' tann
Refrain:
Se tann pou w' tann (3x)
Master DJI:
Papash, di-m sa nou di
Papash:
Nou la nouvelle génération d'Haiti
Fòk nou met tèt ansanm pou nou ka rekonstwi
Nou konn tou sak te pase
Nou pata vle rekòmanse
Nou gen anpil travay pou n' fè
Pou nou rive fòk nou pa gad dèyè
E menm si fòk nou pran san tan zafè, zafè
Sak vin apre yo va profite
Va kontinye sa nou te kòmanse
Car se nou menm ki tout fòs yon nasyon
E n' ap fè back si nou nan divizyon
Fòk nou ka tann avan nou gen satisfaksyon
Master DJI (Papash):
Mwen di tann (Tann), tann pou tann (tann pou tann)
Tann pou tann pou tann (tann pou tann pou tann)
Se tann pou tann fò w' gen kouraj pou w' tann
Mwen di tann (Tann), tann pou tann (tann pou tann)
Tann pou tann pou tann (tann pou tann pou tann)
Se tann pou tann e fò w' gen fyèl pou w' tann
Se tann pou w' tann, fò w' gen kouraj pou w' tann
Se tann pou w' tann e fò w' gen fyèl pou w' tann
Refrain:
Se tann pou w' tann (3x)