Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: Master DJI
Album: Master DJI(Best of)
Title: Pou Timoun Yo
Intro:
Pou timoun yo ka grandi sou latè beni
Pou timoun yo ka jwenn fòs pou fè chemen lavi
Pou timoun yo ka kontinye sa nou kòmanse
Pou timoun yo ka plante, pou timoun yo sa chante
Verse 1:
Wi fò yo la
Pou solèy toujou briye
Pou nan syèl la
Loraj pa janm gronde
Si nou chwazi limyè nou yo
Fòk nou kapab prepare yo
Plant ki pa byen wouze pap janm ka byen pouse
Piti frajil, grandi pa fasil si nou pa ede
Rap:
Pou timoun yo ka soti anba vye maladi
Kouri nan chan mayi san yo pa janm flebi
Pou yo ka manje, pou yo ka jwe, pou yo ka viv
Pou yo ka li, ekri, aprann goumen ak lavi
Verse 2:
Lè lanati dechennen, l’ pa bezwen konnen
Sa ki mal sa ki byen
Move zanj ka soufle sanzatann pote yo ale
Yo ka pa wè demen
Wout chimen san chapo fèt pou bare pou yo
Bridge:
Ou menm ki te chwazi yon jaden pou grenn nan donnen
Ou menm ki te pote yo nan kè-w jouktan lè a sonnen
Ba yo lamen e yon jou timoun va chante pou nou
Ak fòs lanmou, lanmou
Refrain:
Pou timoun yo, grandi(2x)
Pou timoun yo fete lavi, fete lavi, fete lavi