Artists: Master DJI Album: Master DJI(Best of) Title: Wale Kite'm Intro: Un nouveau jour se lève Assassine les néons Et demeure sur mes lèvres La blessure de ton nom Verse 1: Chak fwa mwen sonje ou Nwaj kouvri tout kè mwen Mwen santi m ta rele ou Men yon lòt moun ka reponn mwen Chak moman m' sonje ou Lapli tonbe nan kè mwen Si mwen te ka rele ou Men yon lòt moun ka reponn mwen Bridge 1: Mwen sonje Jan kò-n te konn mele Jouk lè solèy leve doudou Pa bliye Lanmou ki te nan zye-w Lè mwen t'ap karese-w Pa di-m ou bliye sa Verse 2: Yon jou ou leve wale Wale avèk tout rad mwen Foto-w sèlman w' kite Dèyè-l ou ekri Ou renmen mwen Bridge 2: M' pa konprann Kisa ki rive nou Se mwen oubyen se ou M' pa konnen Ki sak fè ou kite-m Anyen w pat konn kache-m Si nou te ka pale omwen Refrain: Wale, wale kite mwen (4fwa) Bridge 3: M' vle konprann Kisa ki rive nou Se mwen oubyen se ou M' vle konnen Kisa k fè ou kite-m Anyen w' pat konn kache-m Si nou te ka pale (bis) omwen Refrain: Wale, wale kite mwen (till it fades away)