Artists: Tresor
Album:   Match la Red
Title:   Vanite

Dialogue:
MC BOP: "Sak pase man? M' wè kè-w kontan man"
Friend: "A ou konnen, ou wè patnè a?"
MC BOP: "Ki patnè sa, man?"
Friend: "Ronèl"
MC BOP: "Yeah?"
Friend: "Misye antre, man, si w' wè yon gwo mont nan ponyèt misye, twa mil dola US"
MC BOP: "Ah, m' pa sezi pou bagay sa yo, man"
Friend: "Evre, bon misye antre a on dènye machin, si w' wè machin sa wa sezi"
MC BOP: "Sa w' ap di la man, tout n'est que vanité"
Friend: "Tout n'est que vanité? Bon, misye e repouse l' ap repouse fanm"
MC BOP: "Bon, enbyen, kou misye pa gen lajan, tout fanm sa yo ap ba-l vag"
Friend: "Ebyen, pale"


MC BOP:
Yon kesyon souple, kite-m pale
Eske tout moun se moun, eske tout moun pa menm
Jezi Kri te di: "mande ya va ba ou
Men si w' frape, ya va louvri pou ou"
Alèkile se pa sa mwen wè
Fòk ou kanpe sou bit, mwen di, fòk ou konplekse
Si mwen gen yon zanmi ki nan nesesite
Kòman pou m' fè ede li paske m' vle toujou tòf
Mwen vle kanpe mean, mwen di-w, mwen vle toujou clean
Se kè-m k' ap rache lè mwen rete m' gade
Zanmi-m, frè-m, sè-m yo kijan y' ap peze yo
Paske yo pa gade yo tankou tout moun
Se lavi, se lavi, jodi w'ap mennen
Demen sidyeve pa janm twò ta pou w' kapab ap kriye
Lavi sa a, se yon boul, menm w' ap byen mennen
Konsa tou li kapab detounen-w
Han!


Don MC:
Frè sè-m yo, frè sè-m yo, 
Rete koute pou mwen ba nou laverite
Men sou tè sa, pagen anyen ki etènèl
Fò n' pran kouraj pase lavi a temerè
Lò, lajan, dyaman ap pase
Posede, pa posede, oh oh, pa pran nan gòm
Nou se pousyè, tout moun nèt ap pase
Si'w ta renmen pou w' viv tout tan
Fò w' suiv tout kòmandman yo
Fòk nou detwi, fòk n' aboli tout vye defo yo
Ou menm k'ap fè enpòtan, k'ap vante tèt ou pou-w pi wo
Ou genlè pa konnen devan lamò tout moun ego
Tout enpòtan, tout granpanpan, tout se pou yon ti tan
Lamò se pi gwo egzanp ke Bondye te ka mete sou tè
Pou fè lòm konnen ke nou se vanite, nou se vanite


Hook:
Valè bagay ki pase
Valè egzanp, m' di-w, ki trace
Chak jou m' leve, m' wè lòm fin debòde
Y' ape kouri dèyè seza, y' ape kouri dèyè gwo kay
Tou n'est que vanité
Ou gen kòb, ou nan bon job, ou imilye tout moun ki pòv
Pa bliye lanmò, lè w' va mouri ya va mete-w nan yon sèkèy an lò
Epi apre, epi anyen, tout n'est que vanité
Tout n'est que vanité, tout bagay ap pase
Vanite, vanite, pa gen anyen k' serye


MC BOP:
Tande ak kwè se de
Mwen di fò w' pase pa eprèv pou w' kapab korije
Ou t' ap travay se pou w' fè moun wè
Men nan moman pa ou, zanmi, ou pat janm pran priyè
Ou te sèl mèt sèl senyè, yon move gouvènè
Bon jan ou te dyòlè ou te konn ap depanse dola
Jodi a ou konn gou lavi, an-han, l' anmè tankou fyèl
Pa janm gen dwa a mizè sa, tout bagay éphémère
Sa son imilyason, pou jan ou te byen renome
Gade jan w' trouve ou jodi a nan lari ape drive
Se lavi, se lavi, son kesyon de jam, yon kesyon de mean
Ou kapab imilye tout moun ki pa genyen
Erezman vi an gen de sans pou tout moun ki pa gen chans
Kapab wè mannigans moun k' ape di yo byen kanpe


(Two friends chatting)


MC BOP:
Gade-m de latètopye pou w' kapab wè si m byen kanpe
Men an reyalite sa ou posede gen pou l' pase
So mwen ta renmen mande-w eske richès ekri sou po-w
Paske ou byen abiye pou nou te gentan gade-w byen wo
Menm lè w' ap viv sou blòf, gentan klase-w tankou moun tòf
Yo pa bezwen konnen kisa ou fè pou w' toujou fen
Depi w' pa gen lajan, chache yon mwayen pou yo meprize-w
Kounye a yo fè mannigans de fason pou yo imilye-w
Ou te mèt chache yon mwayen pou w' wè si wa vin yon bagay
Yo pa ta renmen w' anyen, yo toujou vle pou w' pase tray
Konplo, konplo, tout sa pou devalorize-w, veye zo-w
Sonje, sonje, ki kote w' ye, kiyès ou ye, fè respè-w
Paske m' konnen nèg lan pi mal, se domèn pa-l pale moun mal
Ou menm ki byen vize, ki wè yon fason pou w' pwogrese
Piga w' koute moun fèb ki vle fè-w kwè ke ou se timal
Il faut que ou konnen, man, tout bagay ap pase
You know what I mean, man, tout n'est que vanité
You know what I'm saying


Refrain:
Tout se vanite, tout n'est que vanité
(repeat till the end)