Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: King Posse
Album: I Like It
Title: Zanmi
Samy B:
Zanmi an n’ chita pale
Fè lanmou se yon bezwen ki nomal
Men fò nou kontrole tèt nou
Pou demen pou n' pa regrèt
Atansyon alkòl avèk dwòg
K'ap fè n’ fè bagay san nou pa vle
Pa koute zanmi ou k' ape di-w koyo
Pa koute menaj ou k' ape ba-w presyon
Samy B:
Fè lanmou gen yon pakèt gwo danje
Lè w' san defans ki kapab rive-w
Men fò nou kontrole tet nou
Pou demen pou n' pa regrèt
Fòk nou evite malè sa yo
Pou garanti sante-w ak avni-w
Gen maladi gen ansent twò bonè
Si w' pa vle regrèt fò w' pran prekosyon
Boudah Ranks:
Eske se vre sida se politik (oh non)
Eske sa ka fè nou gen mwens panik (oh non)
Eske vyolans sou fi se yon lojik (oh non)
Eske de jou an jou n'ap pi kritik (oh non)
Don Chov:
Woy, nou pa vle pran konsyans
Woy, tout sa n'ap fè se chans
Woy, tout sak fèt li fèt nèt
Woy, epi demen w' regrèt
Haitian Buju:
Yo di fanm kreyol pa dwe gen respè
E nou menm King Posse mande-w sa w' kwè
Pa kite pèsòn lage-n nan fè nwè
Tanpri cheri, cheri ouvè je-w pou w' ka wè klè
Refrain:
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n evite, an-n kontrole-n
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n deside lè nou pare
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n evite, an-n kontrole-n
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n deside lè nou pare
Black Alex:
Woy, nou pa vle pran konsyans
Woy, tout sa n'ap fè se chans
Woy, eske n' pa twò prese
Woy, bliye tout sak pase
Woy, di sak fèt li fèt nèt
Woy, epi demen wa regrèt
Refrain:
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n evite, an-n kontrole-n
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n deside lè nou pare
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
An-n evite, an-n kontrole-n
Mwen renmen ou, ou renmen-m tou
Se sèl fason pou n' gen sante