Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: New Creation
Album: Evolution
Title: Lè n’te rankontre
Franky:
Se pou ou m’ape chante, se pou w’ chita pou w’ ka tande
J.C.:
Se te nan yon teyat, nou premye rankontre
Mwen t’ap plede gade-w, apre sa m’tonbe bò-w pawòl
Teyat la te fini epi mwen te ale kondui-w
Nou t’ap mache ansanm, anpil bon pawòl t’ap tonbe
Nou t’ape fè ti jwèt epi lanmou t’ape tonbe
Banm yon ti bo sou bouch, telefòn a katrès
Pou n te ka fè ti soti chak dimanch apre lamès
Ou te chofe anpil, ...............................
Chak weekend fò m gen kòb pou nou ka monte Leyogàn
Ale nan restoran, disko, tou sa se anpil depans
Manicure, pedicure, ou te tonbe ap fè-m neglijans
Men ou pat janm te ka kite-m, te renmen-m anyway
Lè m’ape jwe foutbòl, pou m’ pa pran gòl
Mwen mache ak pantè, bèl sexy, pa gen pwoblèm
Mezanmi m’ap reziyen-m pou mwen te kab ale avè-w
Men kounye a w’ale kite-m san ou pa menm di-m orevwa
Poukisa?
Ton:
Pozisyon, tranzaksyon, emosyon,
Cheri ou konnen se sèl pasyon mwen gen pou ou
Depi lè w’te piti mwen t’ap file-w tankou zegui
E bèl ti zye dou-w cheri kite mwen hypnotized
Mwen vin realize yon lè doudou n’ap ka ansanm
Tankou de pijon, cheri n’ap toujou ka vole
Tankou Crazy Glue, cheri nou pap janm separe
So Rozlin, Rozlin, tounen, tounen pou nou ka ansanm
Refrain:
Se apre teyat la nou te rankontre
Depi lè sa ou pe fè-m ape panse
Mwen renmen-w cheri depi mwen te wè-w
Poukisa w’ap fè-m travay di pou m’ ka prè ou
J.R.S.:
O kèt mwen regrèt paske bagay yo pat janm fèt
Lontan lè m’te piti, baby gal, mwen pat janm gen bon tèt
Pou mwen te kapab konprann kijan ke w’ te renmen mwen
Men kounye a baby gal, gade kijan w’ vin sou kè mwen
Chak maten mwen leve, se avè-w sèlman m’ape panse
C’est pas la folie, men baby, se ou sèl mwen vle
Mwen vle mete-w chita pou m’ di-w tout sa m’ panse
Ou ka menm pa vle kwè-m men baby c’est la verité
Cheri, doudou, se sèl ou menm mwen vle
Mwen vle pou nou renmen, mwen vle pou nou pa janm kite
Nou t’ap tankou de ti zwazo, se vole n’ tap vole
Nou tap renmen pou le temps et l’éternité
Tout ti mesye nan lari ap fè jalou pandan n’ap pase
Yo wè m’ renmen avè-w, yo di m’son jènjan byen kanpe
Se tout bagay sa yo ki fè mwen oblije
Fè tout sa m’ ka fè pou nou pa dekole
Refrain:
Se apre teyat la nou te rankontre
Depi lè sa ou pe fè-m ape panse
Mwen renmen-w cheri depi mwen te wè-w
Poukisa w’ap fè-m travay di pou m’ ka prè ou
J.C.:
M’ sonje lè n’ te renmen nou te tankou de ti pijon
Tout jènjan sou zòn nan te toujou ap ba nou presyon
Nou tèlman te renmen nou pa te janm nan diskisyon
Sitèlman n’ te ansanm, nou pa te janm nan divizyon
Jodi a m’ap chante se pou nou tout kapab tande-m
Lanmou mwen gen nan kè-m pou ou baby li san fini
E chak fwa lè m’ leve se avè-w sèlman m’ape panse
Mwen leve maten an, mwen wè chagren anvayi nan kè mwen
M’ale chita nan yon pak pou mwen te kapab reflechi
Men kounye a mwen wè yon zanmi mwen ki te rele Ti Pouchon
Li toujou ape pale-m de ou menm chak jou li wè-m
Lanmou, la haine, mwen di se de bagay ki pap janm ka mache ansanm
Pou mwen te ka renmen-w baby mwen te fè sakrifis
Premye pitit fi a mwen ta renmen rele-l Alis, Fenold c’est mon fils
Baby tanpri tounen, tounen pou nou kab ansanm
Refrain:
Se apre teyat la nou te rankontre
Depi lè sa ou pe fè-m ape panse
Mwen renmen-w cheri depi mwen te wè-w
Poukisa w’ap fè-m travay di pou m’ ka prè ou