Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: Top Adlerman
Album: Supastarz
Title: Chapo Ba
Top Adlerman:
Lekòl raggamuffin lan kòmanse
Tout elèv vin nan kou
Si w’ bezwen fò nan raggamuffin nan
Swiv travay pwofèt la
Lord have mercy, Top Adlerman say
Refrain:
Chapo ba, depi m’ chante raggamuffin
Chapo ba, tout fanatik pran feeling
Chapo ba, Top Adlerman fè-l konsa
Chapo ba, se rezon sa k’ fè mwen top la
Chapo ba, ey kijan mwen fè-l New-York City
Chapo ba, woy se menm jan m’ fè-l Ayiti
Chapo ba, woy kijan mwen fè-l à Paris
Chapo ba, ey di-m kijan m’ fè-l nan les Antilles
Top Adlerman:
Chapo ba
Twòp jakorepèt, m’ape soufle yo kon yon twonpèt
Chak big deal pou yo, pou Adlerman li se yon jwèt
With di pwofèt everything ................
A mi never, never, never ever get reject
Mi a bad man, mi na go hide for batty man
Ou te mèt vire-m tounen-m w’ap jwenn nan tout kò mwen djanm
Like Buju Banton mi ala walk like a champion
Ou Beenie Man, you sim sim simma
Menm si w’ Shaggy, I’m mister lova, lova
Bounty Killa sing gyal dem a go ..........
But Top Adlerman today me a ......
No lilly man cyan disrespect this
One thing to never try is make me get vex
With mi machin gun, me na go appreciate
Diss me today, tomorrow you will regret
Refrain:
Chapo ba, se sa mwen fè yo mete
Chapo ba, depi Top Adlerman rive
Chapo ba, tout ti DJ yo bese
Chapo ba, tout fake MCs yo kriye
Chapo ba, fanatik to the left ann danse
Chapo ba, fanatik nan dwat yo fò n’ vole
Chapo ba, fanatik lòtbò dlo yo fò n’ rele
Chapo ba, Top Adlerman pot feeling lan pou nou
Top Adlerman:
Chapo ba, au nom du père et du fils et de Top Adlerman
Du père et du fils et de Top Adlerman
M’ap fann nan kann nan, dekoupe-l nan bannann lan
M’ sexy nan telefòn nan, djanm nan microphone nan
Pi mal lè m’ sou kabann nan, believe me
San m’ pa bwè ji kann men rara kanaval bon bann nan
Nan bay plezi granmoun, timoun, se yon garanti
Granmoun, timoun, mete-n nan ran, vin pran losti
Ti papa, mwen pwal pase sou ou tankou yon siklòn
Tèlman m’anfòm, madanm ou ap di li pa sou bò-m
Men l’al nan lòt zòn pou l’ ka rele-m nan telefòn
Pandan se tan ou menm w’oblije, w’ap file ti bòn
E Adlerman li menm ape lage bon jan sewòm
Mizik la nan kò-m, li nan san-m, li nan san mwen
Fanatik yo, se rezon sa k fè mwen fè-l byen
Top Adlerman, m’ di mwen pa gen limit
M’ se yon lejann nan raggamuffin sa
Ah mi sing!
Refrain:
Chapo ba, se sa mwen fè yo mete
Chapo ba, kèlkeswa kote mwen rive
Chapo ba, Jamayiken yo mete
Chapo ba, Trinidadyen yo mete
Chapo ba, menm Afriken yo mete
Chapo ba, Ameriken yo mete
Top Adlerman:
Chapo ba, retire chapo-w mete-l byen ba, byen ba
Retire chapo-w mete-l byen ba, byen ba
Retire chapo-w mete-l byen ba, byen ba
Retire chapo-w paske w’ konnen m’ se Top la
Me sing wicked on di mic is Adlerman
If you a sing mi lyrics Adlerman fin don
Me sing follow me, follow me, follow me
Paske w’ konnen Top Adlerman pwal drive you crazy
Lyrics ke mwen bay choute pase yon wouzi
Hey fake MC, here’s Top Adlerman
Lè-m lage yon freestyle tout moun konnen Adlerman
Believe mwen, nan stidyo a se yon freestyle m’ap lage
Se poutèt sa ou wè tout fanatik yo kanpe
M’anvi kraze brize, m’anvi fè moun yo rele
Adlerman se yon verite, Adlerman se yon gwo koze
Mezanmi, depi w’ santi se yon feeling freestyle
Top Adlerman fè tout medam yo ap smile
Paske nou konnen mwen ka fè nou banngay
Adlerman whatcha kraze-m sa se yon freestyle
Refrain:
Chapo ba, depi m’ parèt yon kote
Chapo ba, pou fè tout moun yo mete
Chapo ba, depi Adlerman ap chante
Chapo ba, tout fake MCs yo mete
Chapo ba, kijan m’ fè-l à l’étranger
Chapo ba, oy no, di-m kijan m’ fè-l New-York City
Chapo ba, oh no, di-m kijan m’ fè-l nan Miami
Chapo ba, woy, kijan mwen fè-l lè m’ Ayiti
Chapo ba, o wi, lè m’ap chante medam yo pran feeling
Chapo ba, m’ lage lyrics tankou yon raggamuffin
Top Adlerman:
Adlerman antre ti medam yo renmen wè lè m’ap jwe
Lè m’ape chante medam yo ape danse
Yo bat bravo, yo bat kò yo
Paske yo konnen Top Adlerman wo nivo
M’ renmen kijan n’ kanpe, m’ renmen kijan nou bouje
Bouje dada-n, bouje kò nou, bouje kò nou jan nou vle
Top Adlerman, mwen menm m’ap fè nou kriye
Ay ay, mwen satiyèt yo ak lyrics la
Woy, mwen satiyèt yo ak style la
Ay, mwen satiyèt yo ak style la
Medam, medam, medam, medam, Lord have mercy
Yes, se yon gwo koze, Top Adlerman se mwen wi
Ou mèt believe li, ou mèt believe li, true
Se mwen menm Top Adlerman
Sa se mwen menm Top Adlerman
Sa se mwen menm di only number one
Sa se mwen menm I’m di only champion
Me sing, ti medam yo, ti mesye yo
Fanatik yo, mwen konnen moun yo
Men pwofèt nou yo, men li n’ap tann nan
Lord have mercy, mete mete chapo ba, mete wi