Artists: Original Rap Staff
Album:   N'ap Toujou La
Title:   Feeling Pa'm


Refrain:
Feeling pa-m, se lè m’ pran mic la pou m’ dekole
Feeling pa-w, se lè w’ ka mache kon dekole
Feeling high, mwen pa vin la a pou m’negosye
Ou pa menm bezwen mande-m, Yaman
Eske w’pap fè yon snife (repeat all)



Yaman:
Kite m’ dekole pou m’ chante raggamuffin
Gon bagay k’ ape bouyi nan tèt ou kon farin
So man, ou santi-w blo ou paka bay show
Poukisa lè w’ fimen bagay sa a li mete w’ K.O.
Pou ou santi-w byen ou konn rale youn,2,3
Men fò w’ konnen l’ap met lavi-w twaka
Tout sa mwen eseye pale-w, no way, ou pa vle kanpe
Konn menm mande-m, Yaman, eske w’ pap fè yon snife


Refrain:
Feeling pa-m, se lè m’ pran mic la pou m’ dekole
Feeling pa-w, se lè w’ ka mache kon dekole
Feeling high, mwen pa vin la a pou m’ negosye
Ou pa menm bezwen mande-m, Yaman, hey, hey, hey


Yaman:
So high ou te pwotestan, ou pat fimen pay
Depi w’ te tou piti ou toujou konn al legliz
Konn byen ak mal, konn pou w' pa di betiz
Kilè w’ te twò chimè la pou w' nan kill, nan tout dil
Se dwòg la ki ka ba-w feeling pou w’ detwi lavi ou pat mete
Mwen di w’ kanpe, stop, il faut que tu t’arrêtes de te ruiner
Di-m fou, di-m anraje, m’ ap ba-w baton pou w’ kanpe
Sometimes you say I need the weed, the good sensy weedya
Pa gen de bon feeling lè yon nèg ap rale yon ganjah
Ou di gimme da sensy, da W, double E, D
Pa gen de bon feeling lè yon nèg ap smoke
Kite m’ dekole pou m’ chante raggamuffin
Gon bagay k’ ape bouyi nan tèt ou kon farin


Refrain:
Feeling pa-m, se lè m’ pran mic la pou m’ dekole
Feeling pa-w, se lè w’ ka mache kon dekole
Feeling high, mwen pa vin la a pou m’ negosye
Ou pa menm bezwen mande-m, Yaman,
Eske w’ pap fè yon goute


Yaman:
Ban’m di-w
Lè w’ viv pou dwòg la sa ka ba-w yon style ba
M’ wè-l kraze-w nan de zye-m vi sa pap pran tan pou w’ wè sa
Plan li se pran-w, mete-w bò dyab la, voye-w al fè zak
Dwòg la ap chire-w, kraze-w, sanble w’ sot nan pak
Pou ou se ou ki pi tchak, de jou an jou w’ ape fè back
Fò w’ ta wè l’ livre nanm li, prive tèt li pou l’ fimen krak
Si ta gon bagay poud la monchè m’ tap fè yon tap
Se krake l’ ape krake, prije-w tankou yon tomat
Chak jou l’ ape respire-l se de lamò l’ fè w’ enspire
Pa koute moun k’ ape pale k’ di l' ba-w rapò avèk Bondye
De tou moman lè w’ fin fimen-l, ou gen pou w’ mache kon dekole
Lè w’ wè lavi ya kolore se de lamò w’ ap aproche


Refrain:
Feeling pa-m, se lè m’ pran mic la pou m’ dekole
Feeling pa-w, se lè w’ ka mache kon dekole
Feeling high, mwen pa vin la a pou m’negosye
Ou pa menm bezwen mande-m, Yaman
Eske w’ pap fè yon goute


Yaman:
Kite m’ dekole pou m’ chante raggamuffin
Gen yon bagay k’ ape bouyi nan tèt mwen kon farin
So man, se yon feeling ki ka monte’m lè m’ ap chante
Toujou priye Bondye pou l’ fè m’mache nan yon right way
Ou menm pou w’ santi ou byen, fò w’rale 2,3
Men fò ou konnen l’ ap mete lavi-w edmi, twaka
Tout sa mwen eseye pale-w, no way, ou pa vle kanpe
Konn menm mande-m, Yaman, eske w’ ap pran yon feeling
Si w’ wè m’ chwazi style sa a, se pou m’ ka fè feeling mwen pase la
M’ itilize microphone nan tankou yon bazouka
Bal mwen se lyrics mwen danble ki ka fè w’ pran lwa
Rele danmbala, bat kat, limen balèn, fè maji nwa
But m’ fè w’ konnen lè w’ fè de twa snife se lik vin wa
Nan chimen jennen, kalfou malè, se li ki pran plas lisifè
Tèt pou tèt, li gen pou l’ souse san-w tankou yon malfektè
Like a door in front of the life locked

Refrain:
Feeling pa-m, se lè m’ pran mic la pou m’ dekole
Feeling pa-w, se lè w’ ka mache kon dekole
Feeling high, mwen pa vin la a pou m’ negosye
Ou pa menm bezwen mande-m, Yaman
Eske w’ pap fè yon snife