Artists: Original Rap Staff
Album:   N'ap Toujou La
Title:   Konpliman


Top Adlerman:
Cheri ou se yon fanm ki gen sèvo
Lespri-w fè an ti kawo
Pwofèt la pap janm sispann fè-w konpliman
Pou kalite-w yo, watcha kraze-m!


Wolf Cool MC:
Mwen ta renmen mande Bondye 
A kisa ke l’ tap panse lè l’ tap kreye-w, 
Doudou, lè l’ tap kreye-w
Pami tout sa ke li kreye ou se youn nan mèvèy ki etone-m
Doudou, ki etone-m
Ou gen tout sa m’ bezwen
Lè mwen avè-w mwen santi m’ byen
Pou mwen ta reproche-w anverite m’ pa wè anyen
Ou metrize kè mwen avèk lanmou ke ou ban mwen
Mwen reyalize san ou mwen pa anyen


Refrain:
Konpliman, ti doudou ke m’ape fè-w
Pou kalite, konpreyansyon ou posede
Konpliman, ti doudou ke m’anvi fè-w
Paske w’ son fanm ki trè rezève


Top Adlerman:
O cheri ou bèl, ou sanble yon Mercedes
Ala ou sexy menm jan ak yon Lexus
E ti dada-w won menm jan ak yon Tèt Bèf
De zye-w klere tankou de limyè BM
Doudou ou fè’m fou
Poutèt sa doudou m’ap mache nan tout kafou
Tankou Vyèj Mari m’ap priye-w 3 fwa pa jou
Pou m’ kapab sanble avè-w m’ pwal rele tèt mwen Adou
Whatcha kraze-m!


Refrain:
Konpliman, ti doudou ke m’ape fè-w
Pou kalite, konpreyansyon ou posede
Konpliman, ti doudou ke m’anvi fè-w
Paske w’ son fanm ki trè rezève


Top Adlerman:
Ou gen yon bote kristal, stereyo dijital
.............................................
Lè n’ap danse yon ti bal 
Mwen santi m’ sou yon pedal
Devan w mwen se yon kaporal
Ou menm ou se yon jeneral
Ou valab, ou valab, ti doudou ou senpyab
Lè n’ap danse yon ti bal ou fè-m santi m’ konfòtab
Ou valab, ou valab, ti doudou ou admirab
Lè n’ap manje sou tab ou fè-m santi m’ konfòtab


Refrain:
Konpliman, ti doudou ke m’ape fè-w
Pou kalite, konpreyansyon ou posede
Konpliman, ti doudou ke m’anvi fè-w
Paske w’ son fanm ki trè rezève


Top Adlerman:
Whatcha kraze-m, kraze-m, 
Kraze-m, kraze-m, kraze-m
Mwen santi m’ rich, mwen santi m’ milyonè
Mwen gen yon pouvwa pi plis pase milyadè
Mwen santi m’ rich, mwen santi m’ milyonè
Mwen gen yon pouvwa pi plis pase milyadè
De pwofil ou se yon sen, de fas ou se yon anj
Lonje de men-w ban mwen m’a manje-w kon zoranj
Tout sa w’ posede doudou se bagay salad
Lè m’ pa manje yo doudou mwen santi m’ malad
Ti zye letu, ti bouch kreson
Ti lang tomat doudou se pa-w la k’ pi bon
Men de ti machwa-w se diri ak dyondyon
Pwofèt la pap janm sispann fè-w konpliman
Me sing!


Refrain:
Konpliman, ti doudou ke m’ape fè-w
Pou kalite, konpreyansyon ou posede
Konpliman, ti doudou ke m’anvi fè-w
Paske w’ son fanm ki trè rezève


Top Adlerman: {with refrain}
Oh Bon Dieu, m’ pa kapab kwè m’ap viv non
M’ tankou yon moun ki te fèt nan lespas
Gade yon fanm
Ou pral fè m’ pale franse wi
Une fleure d’odeur remplie de saveur
J’aimerais jamais que ton amour devienne amèr
Car m’ tap fou, j’aimerais pas vivre la misère
Avec ton amour doudou remplie de chaleur
Mwen santi m’ rich, mwen santi m’ milyonè
Mwen gen yon pouvwa pi plis pase milyadè
Mwen santi m’ rich, m’ pa konn kijan m’ konte lajan non
Mwen santi-m woy pi plis pase yon milyadè
Ou valab, ou valab, ti doudou ou admirab
Lè n’ap danse yon ti bal ou fè-m santi m’ sou pedal
Ou valab, ou valab, ti doudou ou admirab
Lè n’ap manje sou tab ou fè-m santi m’ konfòtab
Gade yon fanm rich, gade yon fanm rèd
Gade yon fanm nice, gade yon fanm djanm
Gade yon fanm wouy, gade yon fanm rèd
Gade yon fanm nice, gade yon fanm cute
Mwen santi m’ rich, mwen santi m’ milyonè
Mwen gen yon pouvwa fò w’ ta wè kijan m’ santi-m
Mwen santi m’ rich, mwen santi m’ milyonè
Mwen gen yon pouvwa mezanmi m’ poko fin chante