Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: Original Rap Staff
Album: N'ap Toujou La
Title: Li Pa Nomal
Refrain:
Li pa nòmal, li pa janm nòmal (2x)
Wolf Cool MC:
Lè m’ape gade jan frè-m ak sè-m ap soufri
Yo pa menm gon kote pou yo kapab dòmi
Genyen k’gen lajan men ki pè pran lari
Men lè m’ape gade timoun ki nan lari
Top Adlerman:
Li pa nomal, oh non, yo banm tètfèmal
Li pa nomal, ah wi, yo banm vantfèmal
Li pa nomal, oh non, yo banm kèfèmal
Li pa nomal, frè mwen hear this
Why pou tout tan n’ap viv nan skandal
Chak jou w’ leve ou jwenn yon moun ki pase anba bal
Eske kè-w pa fè-w mal ou menm ki tire yon fomal
Pou tan l’ te responsab madanm, pitit ki lakay
Men se li k’ tap travay pou l’ te bay lamanjay
Kounye a gad kijan w’ met fanmi an nan tray
Refrain 1:
(Li pa nomal)
Li pa nomal pou vyolans tounen yon anbyans
Men frè-m, sè-m tonbe tankou asyèt fayans
(Li pa janm nomal)
Li pa nomal w’ ap jwe ak san tan kou esans
Oh frè mwen ou deja wè ke yo pa fè sans
Top Adlerman:
N’ ap viv nan yon peyi grenadye a laso
Kote sa ki mouri yo toujou di zafè a yo
Se sak fè kounye an yo pase vi moun anba pye yo
Mwen menm m’ap mande Bondye kilè wa di yon mo
Refrain 2:
(Li pa nomal)
Li pa nomal, oh non, yo banm tètfèmal
Li pa nomal, ah wi, yo banm vantfèmal
(Li pa janm nomal)
Li pa nomal, oh non, yo banm kèfèmal
Li pa nomal, frè mwen me sing
Wolf Cool MC:
Ki jan w’tap santi ou si yon moun ta tiye manman-w ak papa-w
Kijan w’tap santi ou si yon moun ta tiye madanm ou ak pitit ou
Top Adlerman:
Se menm feeling lan lè w’tiye manman yon lòt
Se menm feeling lan lè w’tiye papa yon lòt
Se menm feeling lan lè w’detwi fanmi yon lòt
Se menm feeling lan, oh, murderers
Bondye met lajounen li mete lannuit
Jounen pou aktivite-w nan nuit se pou w’ repoze-w
Pouki lè w’pral dòmi kè-w toujou ap kase
Paske ou konnen ke lavi-w an danje
Malfektè yo rantre sa yo pat mete yo bwote
Yo wè bèl pitit fi-w san koutize-l yo (gasp)
Krim ki pi di yo fè pitit pran manman
Refrain 1:
(Li pa nomal)
Li pa nomal pou vyolans tounen yon anbyans
Men frè-m, sè-m tonbe tankou asyèt fayans
(Li pa janm nomal)
Oh, frè mwen ou deja wè ke yo pa fè sans
Top Adlerman:
Pa gen pi bon feeling ke lè m’ap antre nan peyi-m
Lè m’ape gade jan Ayisyen yo akeyi-m
Men sa fè-m mal anpil lè m’ wè se nou menm k’ap goumen
Tanpri met men nan men pou n’chache yon bon chimen
Menmsi nou son pèp nwa nou pa dwe ret nan fè nwa
Se pou n’ met tèt ansanm pou n’ dekloure tèt nou sou kwa
Bon konpatriyòt dwe bliye patri pòch
Lè sa a n’ pap gen bezwen pou youn ap voye wòch sou lòt
Refrain 2:
(Li pa nomal)
Li pa nomal, oh non, yo banm tètfèmal
Li pa nomal, ah wi, yo banm vantfèmal
(Li pa janm nomal)
Li pa nomal, oh non, yo banm kèfèmal
Li pa nomal, frè mwen hear this
Top Adlerman:
It is not right, it is wrong
Everyday too much blood a run
Oh do you feel di ???
when you take off di life of another one
(continues in rasta slang)