Artists: Original Rap Staff
Album:   N'ap Toujou La
Title:   Suspens


Top Adlerman:
Yo check this style, yo, this is Top Adlerman
I'm about to blow this spot on this track right now
You know what I'm saying
M' pral fè tout moun ri avèk yon istwa la
Yo , sa se yon istwa ke tout moun dwe konnen
Pou m' eksplike kijan kounye a, yon fanmi ap plenyen
Voilà se te yon ti dam kite lekòl kay mè
Paske paran-l te vle pou l' ta rive menm yon infimyè
Sak vin rive-l, li te rankontre yon jènjan ki te renmen-l anpil
Men misye t' ap mennen yon vi ki trè difisil
Pou l' t' al lakay manmzèl se pa yon bagay ki te fasil
Paske l' te dekouvri paran dam lan trè stupid
E dam lan li menm te gentan al believe
Akoz ke l' remake ak misye l' ap fon bon avni
Misye pat vagabon, l' pat vle renmen an kachèt
Li di menm si mwen malere kòm mwen renmen-w m' ap parèt
Rive li rive, dam lan presante misye
Paran manmzèl pran yon bon ti tan, gad misye latètopye
Epi manman dam lan parèt li di-l:
"E mouche gade-w byen e gad fasad ke m' genyen
 Ou deja wè yon moun tankou-w pa ka renmen ak pitit mwen
 E si yon moun vle dam sa a, li dwe gen anpil lajan
 Avèk de, twa bèl auto sinon l' ap pran poto"
Li pran abò manmzèl:
"Ou menm ou genlè pa wè klè, gad nan ki lekòl mwen mete-w 
 Ou ta dwe gentan etudye ke nèg sa pa mezi pye-w
 Demaske-w devan-m avèl avan m' mete-w deyò"
Bodyab jenòm nan, tou wont li vire
Yon sèl bagay ke l' di yo, nou vle tande
Check it:
"Kòm mwen wè  n' gon machandiz pou n' vann
 Alò fè atansyon pou n' pa rankontre ak yon move achtè, atoufè
 K' ap achte e ki pap peye, pou n' pa regrete"


Refrain:
Sispens, jwèt la poko fini
Sispens, Top Adler ap preche
Sispens, fon ti pwoche pi pre
Sispens, jwèt la fèk kòmanse


Top Adlerman:
De twa jou fin pase son diaspora ki alapote
Bèl koup li nan tèt li, tout kò li chaje ak bijou
Chak fwa ke li parèt li toujou vin sou yon kat wou
E menm lè misye ap pale tout moun wè ke lang li trè lou
Son so, yes, just ,what, se konsa kè tout moun gentan kontan
Yo panse misye gen anpil lajan
Poutan yo tout chire, yo pa konn si se aparans
Kay gentan pou misye, l' soti ak dam lan lè li vle
Paske paran manmzèl son nèg konsa yo t' ap chache
Kom gon pwovèb ki di-w jan chache jan trouve
Twa mwa fin pase ansent gentan met pye
Misye menm pete koken, li di ke se pa pou li
Lè yo mande-l kisa l' ap fè, li menm li fè moun yo konnen
Ke jan l' te antre a se konsa l' ap soti
Yo komanse pale anpil, misye vin santi-l nève
Li kenbe ni manman ni papa, li bay tou lè de baton
Lè l' ap vire l' ale li menm men sa l' te di yo:
Si m' pat gen lajan, nou pa tap aksepte-m
Si m' pat gen machin, nou pa tap aksepte-m
E si m' pat sot lòtbò nou pa tap aksepte-m
Alò kom mwen te gen tout se sak fè nou te vle-m
E n' te konn trè byen ke m' son dyaspora
Se pase m' ap pase, mwen pa vin pou m' rete
Nou te mèt reziyen'n fò m' pati kanmenm
Mwen pa vin pou m' bay piyay
Babay, babay


Refrain:
Sispens, jwèt la poko fini
Sispens, vedèt peyi a ap preche
Sispens, jwèt la fèk komanse
Sispens, yo fon ti pwoche pi pre
Sispens, Long Island, yo represent
Sispens, Top Adler se mwen
Sispens, now check it
Sispens, you want to hear some more
Sispens, check it


Top Adlerman:
Sezisman sou sezisman, moun yo potko konn anyen
Se jis apre y' ap vin konnen ke misye pat janm pati
E tout bijou ki te sou li se ton vye garanti ki pat menm pou li
Dènye kou k' tire koukouj k' ap fè chay la vin pi lou
Kom yo pat vle nèg sou de wou, yo te prefere kat wou
Pou demontre kijan yo menm son fanmi ki gen bon gou
E byen se konsa anbisyon pwal fè yo tonbe nan twou
(en hen, pa ban mwen)
Misye se ton mekanisyen ki pat posede anyen
Chak machin yo ba-l ranje li pran li l 'ap penpennen
Jiskake l' te vin arive pran tout moun nan pèlen
Kom rekonpans final dam lan te vin akouche
Ti moun nan ap kriye yen-yen, paran menm tonbe plenyen
Yo pran nan dyaspora lokal ki pap bay piyay
E premye patnè a li menm gentan fin fè tout klas li
Men kounye a l'ap bwè kòb li aux Etats-Unis
Men si paran manmzèl pat renmen byen materyèl
Kounye a alè aktyèl, li t' ap toujou ret avè-l
E dam lan bò kote pa-l, l' ap kriye l' ap rele
Gad jan lavi-m gache, sak lakoz (Paran visye)
Ebyen nou mèt pran-l jann vle...