Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: Original Rap Staff (f. Prophecy)
Album: N'ap Toujou La
Title: Tounen Lakay
Money Honey Mike:
Yon maten mwen leve byen, avèk yon souri
Telefòn sonnen, se pou mwen alò mwen kouri
Pran-l sanzatann yon move nouvèl
Mezanmi, yon bon zanmi-m avèk yon ti frè-l
Tonbe, plonbe, sikonbe anba bal
Ou yayay, wayayay, sa fè mal
Twòp homocide, genocide, twòp krim
Di-m poukisa nou tiye nwa, poukisa nwa toujou viktim
Prejugé, brutalité, eske se paske nou refugiés
Pòv tankou Jòb men nou gen love
Lakay pa gen kòb, n'al lòtbò dlo poun jwenn yon ti job
Redi di de lendi a vandredi
Lè m' te piti m' panse New York City te yon paradi
Fè fredi men tanpri pa ri-m
M' anvi wè zanmi-m, fanmi-m, m' anvi wè peyi-m
Refrain:
Nou, nou vle tounen lakay
Menm si lakay pa gen travay
Nou vle fè bon bagay
Tankou Haile Selassiay
Money Honey Mike:
Nostalji anvayi kè mwen lè m' ap panse a patri mwen, Ayiti mwen
Cheri mwen, peyi mwen, lakay mwen, m' gen chagren
Yo di n' pa egal paske n' pa legal
Kenbe nou prizonye pou n' soudevlope nan mental
Pou n' sa pran dwòg vann dwòg, bwè dwòg
Fimen dwòg pou n' al nan mòg
Polis fè enjistis sou negro yo nan ghetto yo
Boat people nan prizon san rezon yo
So di yo pou yo kase chenn yo, brize chenn yo
Dyaspora nan Canada
Paris, Miami, New-York City e Cuba
Eske nou la pou nou di yo sa, menm si lakay plen fatra
Refrain:
Nou, nou vle tounen lakay
Menm si lakay pa gen travay
Nou vle fè bon bagay
Tankou Haile Selassiay
Money Honey Mike:
Mwen gon rèv pou n' sispann fè grèv
Koudeta, volè Leta, an nou fè yon trèv
Ann vin zanmi, yon kòd fanmi
Pou timoun nou pa enemi nan laveni
Pou yo free e pou yo jwi
Lavi sou latè san lagè e san maladi
O wi, yo wi fè demen Ayiti yon meyè lavni
Pou moun batè yo, moun andeyò yo
Ann rekonstwi zòn yo pou anvironman nou pi bon
Anpil dlo, anpil nouriti, anpil souri, anpil fwi e anpil bo
Anpil bravo pou militan yo, inosan yo, patriyòt yo, sak te brav yo
So pou yo, n'ape di yo: lakay pa pou vann, nou pa pou vann, no
Refrain:
Nou, nou vle tounen lakay
Menm si lakay pa gen travay
Nou vle fè bon bagay
Tankou Haile Selassiay
Prophecy:
I'm going back home
where my people's at, where my brother's at home
Oh, oh, yeah going back home
It may be hard, it may be tough, it may be hell, oh
I wanna go back home, baby
I wanna go back home