Artists: Top Adlerman, Posse X
Album:   Supastarz
Title:   Zoklo

Top Adlerman:
Twòp zoklo nan lanmou kounye a moun pa vle damou ankò
Top Adlerman di twòp zoklo, Lord have mercy

Refrain:
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Se rezon sa-a ki fè pèsòn pa vle damou
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Mwen di, gason kou fi, men youn ap bay lòt kou
Kow, kow, kow
Zoklo nan tèt mwen, men kou Holyfield zoklo vle K.O. kè mwen
Me sing,
Kow,kow, kow
Men nan tout kò mwen, tankou Holyfield zoklo vle krake zo mwen  
Me sing

Top Adlerman:
Infidelite, kounye a plase an premye
Men pèsòn pa vle pran lanmou au serye
Mwen konn anpil moun ki damou k' ap kriye
Paske andidan kè yo ap dechire
Genyen ki bay tout kè yo ak tout fòs yo
Genyen ki bay tout nanm yo ak tout vi yo
Ak yon bann lòt moun k' ape bay yo zoklo
Ba yo poto pou y' ale wè lòt macho
Lè se pa nèg la, mwen di se fanm nan
Lè se pa fanm nan, mwen di se nèg la

Refrain:
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Se rezon sa a ki fè pèsòn pa vle damou
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Mwen di, gason kou fi, men youn ap bay lòt kou
Kow, kow, kow
Zoklo nan tèt mwen, men kou Holyfield zoklo vle K.O. kè mwen
Me sing,
Kow,kow, kow
Men nan tout kò mwen, tankou Holyfield zoklo vle krake zo mwen  
Me sing

Posse X:
M' vin fou nan fè lanmou kou moun fou
M' anvi fou nan fè lanmou kou moun fou
Doudou genlè ou pran'm pou yon kloun
Dou genlè ou pran'm pou yon timoun
Dou genlè ou pran'm pou yon kloun
Dou genlè ou pran'm pou yon timoun
Yè swa m' te al lakay ou, m' te pote krèm pou ou
Paske m' te vle fè konkòdans menaj avèk ou
Poutan ou menm, ou t' ap chill avèk Misye Dodo
Gade kijan, cheri, ou kloue kè-m ak yon klou
Doudou genlè ou pran'm pou yon kloun
Dou genlè ou pran'm pou yon timoun
Dou genlè ou pran'm pou yon kloun
Dou genlè ou pran'm pou yon timoun

Refrain:
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Se rezon sa a ki fè pèsòn pa vle damou
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Mwen di, gason kou fi, men youn ap bay lòt kou
Kow, kow, kow
Zoklo nan tèt mwen, men kou Holyfield zoklo vle K.O. kè mwen
Me sing,
Kow,kow, kow
Men nan tout kò mwen, tankou Holyfield zoklo vle krake zo mwen  
Me sing

Top Adlerman:
Dou, you always say that you love me
But if you love me why you have to cheat on me
Always tell me that I'm the one and only
But I found out you slept with somebody
Kounye a tout moun kanpe sou bit playè
Gason kou fi pèsòn pa konn kiyès pou yo kwè
Yo tout mache avèk beeper
Plim nan men pou yo ale pran number
Oh, non, non, non, non, non, non, non
Lè se pa Tchookko, se Luco

Refrain:
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Se rezon sa a ki fè pèsòn pa vle damou
Twòp zoklo, twòp zoklo, twòp zoklo nan lanmou
Mwen di, gason kou fi, men youn ap bay lòt kou
Kow, kow, kow
Zoklo nan tèt mwen, men kou Holyfield zoklo vle K.O. kè mwen
Me sing,
Kow,kow, kow
Men nan tout kò mwen, tankou Holyfield zoklo vle krake zo mwen  
Me sing

Top Adlerman:
Oulouloulou, medam yo tankou endyen
Oulouloulou, yo gen nèg nan tout rakwen
Oulouloulou, cowboy yo menm ap plenyen
Oulouloulou, men lanmou tonbe nan tenten
Pou jan w' konpòte kò-w ou tankou pomp gazolin
Chak machin ki vle yo tout vin fè yon ti pakin
Ou ouvè on morning and also every evening
Chofè atansyon, bò wout sa a kon ravin
Si w' kwè m' manti mande vwazen ak vwazin
Pou w' pat vin di Top Adler pat prevni-n