Would you like to make this site your homepage? It's fast and easy...
Yes, Please make this my home page!
Artists: Top Adlerman (f. Georgy)
Album: Tet Yo Cho
Title: Haiti
Georgy:
Ayiti cheri, pi bèl peyi pase ou nanpwen
Fok mwen te kite-w pou mwen te kapab konprann valè-w
Fok mwen te lèse-w pou m’ te kap apresye-w
Pou mwen santi vreman tout sa ou te ye pou mwen
Top Adlerman:
Top Adlerman said so
Yo Yo Yo
Se peyi manman-m peyi papa-m peyi granmè-m
Ayiti cheri se la m’ te fèt, o o
Menmsi w’ gen pwoblèm move sistèm ap kraze kè-w
Kanbyen menm yon jou bagay yo va fèt
Menmsi dwèt mwen pouri, mwen pa ka koupe-l jete
Malgre tout sa yo di se peyi pa-m ke li ye
OK!
Nan Nouyok siti map bwè kokoye ekspire
Nan peyi pa'm nan se la menm ke yo pouse
Ayiti'm pa ka ba-w do doudou, m’ sonje moun mwen yo
Pafwa lè solèy la fè twò cho, m’ al jw'on domino
1 devan 2 devan an menm tan map pr'on bon griyo
O Ayisyen mwen di se pou n’ bat bravo!
Georgy:
Gen bon solèy, bon rivyè e bon brevaj
Anba pye bwa ou toujou jwenn bon lonbraj
Menm lè weekend tout ayisyen anvi al nan plaj
Alon ti peyi o Bondye se Ayiti
Top Adlerman:
Sispann maltrete-l, sispann eksplwate-l
E tankou yon ayisyen se pou w’ ede-l leve pye-l
Sispann gaspiye-l, mwen di sispann eksplwate-l
E tankou yon sitwayen se pou'w ede-l reveye-l
Lè sa a timoun lakay yo ava sispann kriye
Pwoblèm ak mizè nou yo a fon ti bese
Fon revolisyon pou san ka sispann koule
Ayisyen ki lòtbò dlo yo lèsa pap pè rantre
Lè sa lè nou wè blan yo na va di yon sèl koze
"Ban-m kle avyon, moutre-m bon bouton,
Ayisyen anbake, Ayiti n’ pral vole
Ban-m kle avyon an, mwen di moutre-m direksyon”
Jodi a m’ grangou m’ pa vle manje rechofe
Mwen di m’ pral Ayiti pou m’ al manj'on mayimoulen
Si grangou pran-m nan lari mwen di m’ ap pran yon aleken
Menmsi manje a fini machann ou met banm graten an
Li gen bon magi, li gen bon epis,
Lè m’ gad nan chodyè a mwen wè yon bèl ekrevis!
Li g'on bèl salad, li g'on bèl tomat
WATCHA KRAZE'M machan ou mèt double-m yon lòt plat
Georgy:
Ayiti Ayiti Ayiti manman cheri
Ayiti se ou k’ tout vi-m se nan pye-w pou m’ mouri..
(Repeat)
Top Adlerman:
Ah me sing all who love dem country put up on yo hand and make me say
All who love dem country put up on yo flag make me say
Black American dem fi love america
Black Jamaican dem fi love Jamaica
Black Canadian dem fi love Canada
I AM A HAITIAN YES ME LOVE AYITI!
Georgy:
Ayiti Ayiti Ayiti manman cheri
Ayiti se ou k’ tout vi-m se nan pye-w pou m’ mouri..
(Repeat)
Georgy:
Gen bon solèy, bon rivyè e bon brevaj
Anba pye bwa ou toujou jwenn bon lonbraj
Menm lè weekend tout ayisyen anvi al nan plaj
Alon ti peyi o Bondye se Ayiti
Top Adlerman:
Se peyi manman-m peyi papa-m peyi granmè-m
Ayiti cheri se la m’ te fèt, o o
Menmsi w’ gen pwoblèm move sistèm ap kraze kè-w
Kanbyen menm yon jou bagay yo va fèt
Menmsi dwèt mwen pouri, mwen pa ka koupe-l jete
Malgre tout sa yo di se peyi pa-m ke li ye
OK!
Nan Nouyok siti map bwè kokoye ekspire
Nan peyi pa'm nan se la menm ke yo pouse
(Fading........)