Artists: Top Adlerman Album: Tet Yo Cho Title: Li Pa Nomal El shadai oh Lord El Shadai oh God El Shadai oh Grand Jéhovah Depi m’ fèt m’ konn se ou k’ sèl wa Tanpri papa sove peyi a Lè m’ ape gade jan frè-m ak sè-m ap soufri Yo pa menm gon kote pou yo kapab dòmi Genyen k’ gen lajan men ki pè pran lari Oh non mezanmi li pa nòmal Men vyolans tounen anbyans Anbilans pa ka fè silans Mwen di frè-m ak sè-m tonbe tankou asyèt fayans Malfektè kriminèl ap jwe ak san tankou esans Oh non mezanmi li pa nòmal N’ ap viv nan yon peyi grenadye a laso Kote sa ki mouri yo toujou di zafè'a yo Se sak fè koun yo pase vi moun anba pye yo Mwen menm m’ ap mande Bondye kilè w’ap di yon mo Li pa nomal non Yo banm tèt fe mal yo banm vant fè mal yo banm kè fè mal Mezanmi li pa nomal Kijan w’ tap santi-w si yon moun tiye manman-w Kijan w’ tap santi-w si yon moun tiye bon frè-w Kijan w’ ta santi-w si yon moun ta tiye papa-w Oh non mezanmi li pa nomal Se menm feeling nan lè w’ detwi fanmi yon lòt Se menm feeling nan lè w’ touye madanm yon lòt Se menm feeling nan lè w’ detwi fanmi yon lòt Oh no mezanmi li pa nomal Malfektè yo rantre san yo pat mete yo bwote Yo wè bèl pitit fi-w san koutize-l yo kouche-l Krim ki pi di yo fè pitit pran manman Li pa nòmal pou vyolans tounen anbyans Men frè-m sè-m tonbe tankou asyet fayans Li pa nòmal w’ ap jwe ak san tankou esans O frè mwen w’ deja wè ke yo pa fè sans Bèdè mare senti-w elèv lekòl paka souri Lè maten se yon redi pou w’ bw'on labouyi mayi Ayiti s'on ti peyi avèk yon bann politik pati Oh no mezanmi li pa nomal Tout sa malere posede fòk lal nan plàn Oh Ti Lilit kot kastwòl la? Mwen di l’ kay de lui kay de lui Chemiz al nan plan, al nan plàn Pantalon al nan plàn Menm kastwòl al nan plàn Vantilatè al nan plàn Kay de lui... Bon berger de lui Kay de lui... Genyen k’ sou tilititi Chez de lui Pa gen pi bon feeling ke lè m’ap antre nan peyi-m Lè m’ape gade jan Ayisyen yo akeyi-m Men sa fè-m mal anpil lè m’ wè se nou menm k’ap goumen Tanpri met men nan men pou n’franchi yon bon chimen Menmsi nou son pèp nwa nou pa dwe ret nan fè nwa Se pou n’ met tèt ansanm pou n’ dekloure tèt nou sou kwa Yon bon patriyòt dwe bliye patri pòch Lè sa a n’ pap gen bezwen pou youn ap voye wòch sou lòt Li pa nòmal Yo ban-m tet fè mal Li pa nòmal Yo ban-m vant fè mal