Artists: Universal Rap Stars
Album:   No Discrimination
Title:   Rekonsiliasyon


Refrain (2x):
Ou djanm la, ou yèyè yèyè (jump jump jump)
Ou mean la, ou yèyé yèyè (jump jump jump)
Ou pran tease la, ou yèyè yèyè (jump jump jump)
Pa pran kriz la, ou yèyè yèyè 


MC Christ B:
Se pou nou tout renmen pou nou tout ka viv byen
Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen
N’ap leve grann maten pou n’ ka pran gran chimen
Nou tout se nèg ginen nou pa fèt pou n’ goumen
Se pou nou kenbe men pou n’ rekonstwi demen
Nou gen yon sèl deviz pou n’ pa janm divize
Nou tout se Ayisyen, mache men nan la men
Pou n’ ka reyalize tout bèl pwojè n’ vle fè


Refrain (2x):
Ou djanm la, ou yèyè yèyè (jump jump jump)
Ou mean la, ou yèyé yèyè (jump jump jump)
Ou pran tease la, ou yèyè yèyè (jump jump jump)
Pa pran kriz la, ou yèyè yèyè


Black Candle:
Ich li blidish, I love you, je vous aime, yo te quiero
All the people, you understand
You high sensy, kòman ou rele
Ou sezi tankou yon magnezi


Masta Love:
My name is Masta Love, mon nom est Masta Love
Chak kote m’ pase mwen kapab fè tout moun danse
Tout kote m’ rive mwen vle toujou di verite
Paske m’ fyè pou m’ kenbe volonte-m
Sa se yon gwo koze ke nou pap janm bliye


Ace:
I’m digidi digidi back, I’m digidi digidi fò
Atansyon move aksyon, pou nou pa gen anbisyon
Nou pa dwe nan divizyon, nou dwe chèche direksyon
Atansyon konpetisyon, pou nou pa nan diskisyon
Paske nou se yon nasyon ki renmen tout yon nasyon


Ricardo Mix:
Reconciliation, la civilisation, se sa ke nou bezwen 
Pou n’ kapab jwenn satisfaksyon 
Konsyantizasyon, la détermination
Se sa nou dwe genyen pou n’ ka fon bon evolisyon


Refrain (2x):
Ou djanm la, ou yèyè yèyè (jump jump jump)
Ou mean la, ou yèyé yèyè (jump jump jump)
Ou pran tease la, ou yèyè yèyè (jump jump jump)
Pa pran kriz la, ou yèyè yèyè